vendredi 11 octobre 2019

Kilè sa ap fini ?

Mwen bouke tande nou mesye, mwen paka tande nou ankò mesye, nou plis pale ke nou aji, nou di men nou pa janm fè. Se gwo van ti lapli, paske se pa anyen serye kap regle. Nou kòmanse dekouraje moun mesye, pa gen anyen serye kap regle la. Chak jou moun yo sòti, yo rantresan rezilta, nou bloke tout bagay epi jiska prezan rezilta poko janm tonbe. Pandan nap pale à, eske nou ka dim nou gen kontwòl sa kap fèt la la ? Eske nou ka dim batay sa nap mennen an, nou konn vrè chèf la ? Sa nap defann nan li juste, men poukisa tout tan sa yo ? Lontan lontan, pèp mwen te konnen an, ayisyen m te konnen yo, yo te gentan fini ak dosye sa deja. Nou di nap batay epi nou menm ankò nou bloke batay la. Nou plis pale ke nou aji, mesye banm di nou : *Pawòl epi aksyon* si nap batay ann batay, nou paka chak jou nap fè moun yo boule kawotchou,  mete barikad, fè pèp sòti epi poko gen anyen ki fèt toujou mesye. Pandan map pale a la, banm poze nou kèk ti kesyon : eske nou vle jwenn rezilta ? Eske tout bon nou vle poul demisyone ? Eske tout bon nou santi nan nou menm se batay nap batay vre ? Eske nan konsyans nou nou pa wè pèp la prèske dekouraje ak batay sa ? Lè nou finn jwenn repons kesyon sa yo, na dim ki desizyon nap pran.
Kilè sa ap fini ?

mardi 24 septembre 2019

Jis kilè ?

Jis kilè nap rale yon souf
Fòk nou te gen souf poun rale
Paske dirijan mal pou wont, mal pou gra
Kenbe ' n nan gòj fèn paka respire
Yo bann la dous ki vyens kenèp
Yo fèn dous pase siwo myèl
Anba fo pwomès ki pa chita sou verite
Yap koupe, yap rache, yo dechèpiye.

Peyi a dous se vre, men se avèk imoralite, koripsyon ak ensekirite
Si konsyans te yon pwazon, fyèl anpil nan nou te deja pete
Plis nap fè vye zak se plis nap fouye peyi a nan labim
Depi lèm ka mache pou kòm, se yon sèl istwa map tande
Vote'm pou chanjman, wout, kouran, manje
Vote'm pou yon denmen miyò
Epoutan ! Menm yè pa miyò alevwa pou demen ta fè jefò.

M renmen tande lè nap pale
Anpil moun pran nou pou moun serye
Yo panse nou te ka fè vre, adjeeee
Si zòt te konnen li ta rete la poun jwenn kote poun pase
Ahhh ! Anyen serye ditou
Nou tout se menm, bann piyajè
Bon ! Nou pa wont mesye
Konsa poun kenbe yon peyi an otaj
Jis kilè nap sispann bay moun manti

Yon pakèt moun ap viv sanzespwa
Yo oblije viv pa lafwa
Jodi a yo jwenn mèsi bondye
Demen yo pa jwenn se dlo nan je
Radyo tounen foyer d'accueil
Yap resevwa plent, demann tout kouch
Pandan ke gen yon pakèt nèg kap chanje louch
Jis kilè nap konprann ke peyi a bouke, peyi a pran twòp kou
Jis kilè nap santi mizè yon pèp kap viv au jour le jour
Jis kilè nap alèz nan yon peyi, nou santi nap viv tankou pèp, nap viv tankou moun
Jis kilè na di vrèman ke peyi a gen moun, kap panse pou nou, kap travay pou nou. 

vendredi 20 septembre 2019

AEA TECH PUB

Alna École d'Art et de Technologie
(AEA TECH)

Vous êtes à la recherche d'une école sérieuse pour votre formation professionnel, alors faites le choix de AEA TECH.

AEA TECH, vous offre les disciplines suivantes :


  1. Hôtellerie et Tourisme
  2. Cuisine et Pâtisserie
  3. Haute Couture
  4. Ass. Administrative
  5. Anglais
  6. Informatique Bureautique
  7. Sérigraphie
  8. Cosmétologie
  9. Maquillage
  10. Comptabilité Informatisée
  11. Auto-Ecole
  12. Macramé
  13. Bar et Restauration
  14. Journalisme
  15. Infographie


Et bien d'autres disciplines encore...

De 9 hres à 4 hres, passez vous inscrire à notre local sis au # 47, Rue Q, Delmas 31-33, local Collège Logos

AEA TECH, fonctionne en semaine et en week-end. Pour de plus amples informations, appelez aux numéros suivants :

37611005 (whatsapp)
43940420
47995328

AEA TECH,
votre satisfaction
c'est notre préoccupation.